Konsèy Sekirite LONU Rejte Rezolisyon Larisi sou Gaza ki Pa Mansyone Hamas

Anbasade Palestinyen nan LONU Riyad Mansour (fon a dwat) pran la pawol devan manm Konsey Sekirite Nasyonzuni an nan Nouyok, 16 Oktob, 2023.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an rejte yon rezolisyon Larisi prezante sou Gaza, ki kondane zak vyolans yo ak zak teworis kont sivil yo men ki pa mansyone Hamas. Gen 1,300 Izraelyen ki pèdi lavi yo nan atak sipriz Hamas te lanse 7 Oktòb la.

Gen sèlman 4 peyi ki te kole tèt ansanm ak Larisi pou vote an favè rezolisyon an Lendi swa - Lachin, Emira Arab Ini, Mozanbik ak Gabon.

Gen 4 peyi ki vote kont rezolisyon an - pami yo Lèzetazini. Gen 6 lòt peyi ki pa vote ditou.

Anbasadè Larisi nan LONU an te mande kolèg li yo pou yo apiye rezolisyon an pou reponn "gravite san presedan" sityasyon an. Li di konsèy la rete bra kwaze depi atak Hamas la, ki kontwole Gaza.

Li poko klè si konsèy la pral vote sou yon rezolisyon rival ke Brezil ekri, ki kondane atak Hamas la.