Ekspè Teknoloji Izraelyen ap Ede Gouvènman an Trake Otaj Hamas Kenbe yo

Your browser doesn’t support HTML5

Ekspè Teknoloji Izraelyen ap Ede Gouvènman an Trake Otaj Hamas Kenbe yo

Pandan 9 jou ki sot pase yo, 450 volontè - anpil nan yo se moun ki travay nan sektè teknolojia, mete sou kote djob yo nan sektè prive a pou ede jwenn Izraelyen ki disparèt apre atak Hamas la kote omwens 1,300 moun mouri.

Izrael gen renome pou sektè teknoloji pèfeksyone li a, ki responsab pou yo gwo pati ekonomi peyi a, kote yo konsidere sektè sibè-sekirite a tankou youn nan prensipal endistri peyi a.

Volontè yo kreye sa yo rele yon "chanm lagè" kote yap sèvi ak teknoloji avan-gadist - pami yo entelijans atifisyèl, rekonesans fasyal, ak rekonesans vwa pou ede jwenn moun ki disparèt yo ak yon afè 200 otaj.

Karine Nahon se direktris Chanm Lagè Sivil ki Disparèt yo.

"Nou eseye konprann statu chak moun ki disparèt yo e nou gen plis pase mil moun ki disparèt."

Juskaprezan sivil yo jwenn plis pase yon santèn moun e Nahon di gwoup li a tounen yon sous enfomasyon kle pou gouvènman Izraelyen an.

"Kounyea gouvènman an depann de enfomasyon kap soti nan chanm sa yo."

Gwoup la analize videyo ke militan Hamas yo filme epi pibliye sou rezo sosyal yo. Konsa volontè yo te jwenn mwayen pou trake epi idantifye viktim yo, men tan an ap fè yo lagè nan moman otaj yo rete anbe men Hamas.

"Hamas komanse efase epi wetire videyo yo pibliye yo. Te gen yon videyo an dirèk yo te pibliye kote yap antre nan diferan chanm kote yo touye timoun. Foto yo orib. Kounyea sa yo fè se yo ale youn pa youn epi wetire videyo sa yo paske yo konprann ke nap veye sa yo pibliye epi nou analize videyo sa yo. "