Yon Fotograv Videyo Reuters Mouri nan Sid Liban Apre yon Atak Izraelyen

Fotograf videyo ajans nouvèl Reuters, Issam Abdallah, ki mouri nan yon atak Izraelyen nan sid Liban, antere nan vil natal li. Plizyè santèn moun te patisipe nan pwosesyon fineray li.

Kadav Abdallah te vlope ak yon drapo Libanè nan moman yo te transpòte li sou sivyè Samdi nan lari vil Khiam ki sitye nan sid peyi Liban. Se la fanmi misye rete. Yo te antere l nan simityè lokal la.

Plizyè douzèn jounalis ak palmantè Libanè te asiste fineray la.

Abdallah mouri Vandredi swa nan sid Liban apre yon obu Izraelyen te ateri nan zòn kote jounalis entènasyonal yo te rasanble pou fè repòtaj sou yon echanj kout zam sou frontyè a ant twoup Izraelyen ak manm gwoup militan Libanè ki rele Hezbollah a.

Gen 6 lòt jounalis ki blese.