Accessibility links

Breaking News

Schumer di Lap Dirije yon Gwoup Senatè Bipatizan ki Pral Izrael pou Montre Sipò yo


Foto Achiv: Lide Majorite Sena Etazini an, Demokrat Chuck Schumer, ki reprezante Nouyok nan Sena a, 9 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Lide Majorite Sena Etazini an, Demokrat Chuck Schumer, ki reprezante Nouyok nan Sena a, 9 Oktob, 2023.

Senatè Chuck Schumer, ki se lidè Majorite Sena Etazini an pral Izrael wikèn sa a pou diskite sou resous Lèzetazini taka dispoze pou ede peyi a nan lagè li kont Hamas.

Biwo Demokrat la, ki reprezante Nouyòk nan Sena a deklare Vandredi ke li pral dirije yon gwoup bipatizan (setadi ki gen Demokrat kou Repibliken ladann) ki prale Izrael pou montre "sipò san gade dèyè Etazini genyen pou Izrael."

Schumer se premye lidè majorite Juif Sena a, e li se responsab Ameriken Juif pi wo plase nan peyi a.

Vizit la vini nan moman Kongrè a ap konsidere konbyen lajan ak ekipman li ka voye bay Izrael. Pandansetan, Sekretè Deta Antony Blinken epi Sekretè Defans Lloyd Austin vwayaje Izrael semèn sa a.

XS
SM
MD
LG