Gwoup Asistans yo Kouri pou Ede nan Moman Lagè Izrael-Hamas la ap Entansifye

Palestinyen enspekte debri kan refije Abu Helal la nan Rafah, Gaza Lendi 9 Oktob, 2023.

Gwoup imanitè yo ap kouri pou ede sivil ki bloke pandan lagè ant Izrael ak Hamas lap ap entansifye. Yap eseye detèmine ki tip operasyon sekou yo ka mennen an sekirite. Jefò yo vinn pi konplike kounyea akoz blokaj Gaza a epi batay kap kontinye.

2 jou apre militan Hamas yo te lanse yon atak ki siprann mond la ann antye, Israel ogmante atak ayeryen li yo kont baza epi bloke pwovizyon manje, gaz ak lòt pwovizyon anko pou yo pa antre sou teritwa a.

Mezi sa a ogmante kè sote Nasyonzuni genyen, ansanm ak plizyè lòt gwoup asistans ki sipliye Izrael pou l ba yo plis aksè pou ede Palestinyen ki bloke nan mitan batay la.

Pandansetan, gen kèk oganizasyon ki mennen operasyon an Izrael ki di yo pral ogmante jefò asistans yo tou.