Lachin Reyaji sou Atak Hamas Lanse Kont Izrael la

Ministè afè etranjè LaChin bay repons li dimanch apre atak sipriz ke militan Hamas sot lanse, e li mande pou tout pati yo mete dlo nan diven yo, kote li repete menm pozisyon LaRisi a.

« LaChin gen gwo enkyetid poutèt tansyon ak vyolans ki ogmante ant Palestin ak Israel. Nou mande tout pati yo pou yo mete dlo nan diven yo touswit epi mete fen nan batay yo pou pwoteje sivil epi evite pou sityasyon an pa vin pi grav,” se konsa yon pòtpawol Ministè Afè Etranjè Chinwa te pale dimanch.

Pòtpawol la ajoute, « Prensipal mwayen pou soti nan konfli a se aplike solisyon 2 eta a e tabli yon Eta Palestin endepandan, » se konsa pòtpawol la te pale.

Yon responsab nan anbasad Israelyen nan Peken ekri dimanch sou platfòm X, ki te rele Twitter anvan, ke Israel te espere ke LaChin ta bay yon kondanasyon pi solid.

“Se pa lè moun ap mouri asasinen nan lari pou moun ap pale de solisyon 2 eta, » se sa Yuval Waks, yon gwo zotobre nan anbasad israelyen nan Peken di jounalis yo.