Izrael di Li Lanse Dè Santèn Frap sou Pozisyon Hamas nan Gaza

Lafimen monte apre yon atak ayeryen Israelyen nan Gaza, Lendi 9 Oktob, 2023.

Israel di lendi li lanse dè santèn frap aeryen sou kèk pozisyon Hamas nan Gaza, pandan twoup israel t ap travay pou chase militan Hamas ki kontinye ap goumen nan sid Israel.

Pòtpawòl lame Israel Lyetnan Kolonel Richard Hecht di jounalis ke batay t ap kontinye 7 kote andan Israel e ke sa ap pran plis tan ke li te espere pou li repouse militan Gaza yo ki te koumanse antre Samdi a.

Yon lòt pòtpawòl, Lyetnan Kolonel Johanthan Conricus, di Israel te deja rele 100-mil rezèvis pou antre yo nan batay.

Conricus di atak Hamas sou kèk zonn ann Israel ki gen fwontyè ak Gaza enplike mil militan ki te antre ann Israel. Atak la touye 700 sivil ak solda israelyen e blese plis pase 2-mil-100 lòt

Conricus di, « Se pi move jou nan tout istwa Israel. »

Lidè Majorite nan Sena Etazini an Chuck Schumer di 4 Ameriken pou pi piti te pami mò yo, e ke bilan an ka moute toujou.

Pami mò yo gen tou moun Grand Bretay, Lafrans, Nepal, Tayland ak Ikrèn, dapre deklarasyon nasyon sa yo.

Depatman Defans Etazini, Pentagòn nan ap voye ekipman ak minisyon bay Israel e pase lòd pou yon pòt-avyon Lamarin al pran pozisyon nan lès Lanmè Mediterane.

Israel frape Gaza nan kraze kay, tinèl, yon sant ransèyman Hamas, yon izin pwodiksyon zam ak kay dirijan Hamas. Ministè sante palestinyen di 413 Palestinyen pèdi lavi yo.