Etazini Pral Voye Bato Lagè li nan Es Mediterane a pou Apiye Izrael

Foto Achiv: Pesonel fos naval Etazini travay sou pis aterisaj pot-avyon USS Gerald R. Ford la, 6 Oktob, 2022, sou kot eta Vijini.

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin fè konnen li pase lòd pou gwoup bato lagè Ford yo fè vwal pou rejyon ès lanmè Mediterane a epi fè preparasyon pou ede Israel apre atak sipriz Hamas lanse, ki lakoz plis pase 1,000 moun mouri e dè milye blese sou tou le 2 bò yo.

Pandansetan, yon responsab Ameriken di rapò preliminè yo endike omwens 4 sitwayen Ameriken pèdi lavi yo nan atak yo e gen yon lòt 7 ki sou lis moun ki disparèt yo.

Foto Achiv: Bato de ge Ameriken USS Gerald Ford, ki se youn pami pi gwo pot-avyon nan mond lan, rive nan Halifax, 28 Oktob, 2022.

Bato lagè USS Gerald Ford la ak apepre 5,000 matlo li yo gen yon seri avyon de gè abò li.

Gen bato kwazye ak lòt bato lagè kap akonpaye li nan yon demonstrasyon lafòs ki pare pou reponn a nempòt ki sityasyon epi menm anpeche zam rive jwenn Hamas. Li gen kapasite sou pou fè siveyans.