Etazini Anonse Nouvo Sanksyon Kont Ayisyen nan Moman PM Henry Mande LONU Apwouve an Ijans Fòs Miltinasyonal la

Sekretè Deta Adjwen Ameriken pou Karayib la ak Ayiti, Barbara Feinstein pandan yon entevyou ak Valerio Saint-Louis nan Nouyok, 22 Septanm, 2023.

Nan yon entèvyou esklizif ak VOA Kreyòl Vandredi, Sekretè Deta Adjwen Ameriken pou Karayib la ak Ayiti, Barbara Feinstein, anonse nouvo sanksyon Ameriken.

"Sekretè Blinken anonse jodia tou, deziyasyon 5 lòt endividi pou restriksyon viza, ki fè pati politik pi laj nou an pou pwomouvwa responsabilite an Ayiti pou moun ki apiye gang yo e kap patisipe nan destabilize peyi a."

Premye Minis Ayisyen Ariel Henri pwononse yon diskou devan 78em Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 22 Sept. 2023.

Pandan diskou Premye Minis Henry devan Asanble Jeneral Nasyonzini an Vandredi, li lanse yon apèl ijan bay Nasyonzini pou l otorize fòs miltinasyonal ki pral ede polis nasyonal la konbat gang yo.

"Vi kotidyèn pèp Ayisyen an trè difisil. Se poutèt sa Konsèy Sekirite a ki gen pouvwa nesesè ak otorite anba Chapit 7 Chat (LONU an) dwe pran aksyon an ijans, pa otorize deplwaman yon misyon sipò miltinasyonal pou retabli sekirite an Ayiti - yo fòs polis e militè pou apiye fòs Polis Nasyonal Ayiti (PNH)a pou konbat gang epi retabli lòd ak lapè."

Ansyen polisye Ayisyen Jimmy "Barbecue" Cherizier, lide kowalisyon gang G9 la, dirije yon mach kont Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 19 Sept. 2023.

Men pandan Henry tap rankontre lidè etranje sou maj Asanble Jeneral LONU an nan Nouyòk pou diskite sou sityasyon Ayiti, chèf gang Jimmy Cherizier te nan lari Pòtoprens pou anonse entansyon li genyen pou ranvèse misye sou pouvwa a.

"Jodia nou lanse batay kont Ariel Henry an, jan nou di l depi yè, nou mobilize nan lari a la a, se chofe nap chofe jiskaprezan, paske batay reyèl la kont Ariel Henry se ak zam nou pral batay."

Ensekirite a an Ayiti ak demann peyi a fè pou yon fòs miltinasyonal vinn ede PNH la konbat gang yo se te yon pwen santral diskisyon yo nan Asanble Jeneral LONU semèn sa a.

Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol devan 78e Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 19 Sept. 2023.

Prezidan Joe Biden mande Konsèy Sekirite a pou l aji vit.

"Map mande Konsèy Sekirite a pou l otorize misyon sa a kounye a a! Pèp Ayisyen an paka tann ankò."

Prezidan Kenya William Samoei Ruto pwononse yon diskou devan 78em Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 21 Sept. 2023.

Prezidan Kenya a William Ruto, eksprime volonte pou dirije fòs la, kap gen ladann polisye ak kèk pèsonèl militè tou.

"Kenya pare pou jwe yon wòl konplè epi pote kole ak kowalisyon peyi etranje ki gen bonn volonte - e gen anpil - antanke bon zanmi ak veritab frè Ayiti."

Men nan Pòtoprens, militan dwa moun Rosy Auguste, ki se responsab pwogram Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun nan, eksprime preokipasyon l.

"Nou genyen plizyè misyon ki pase Ayiti, sitou misyon onuzyèn e nou panse ke misyon sa yo, not ke yo kite pou nou se de not ki trè sale."

Auguste site kolera, egzekisyon somè, vyòl tifi ak tigason, ak trafik seks kòm kèk pami abi ki te prevalan pandan misyon MINUSTAH a, ki pran fen an 2017 an Ayiti. Li fè remake ke malgre kondanasyon responsab dwa moun yo, pi fò abi sa yo pat janm puni.

Nan Nouyok, Feinstein di VOA Kreyòl, responsab Ameriken yo trèz o kouran de erè ki te komèt nan le pase.

"Mwen kwè nou envesti pèsonèlman nan siksè misyon sa a. Epi pou n tire leson de misyon ki te vini anvan yo."

Sekrete Deta Ameriken Antony Blinken, Premye Minis Ayisyen Ariel Henry (a goch) ak Sekrete Kabina Kenya pou Zafe Etranje ak Dyaspora a, Alfred Nganga Mutua (a dwat) pandan yon rankont sou sityasyon sekirite Ayiti a, sou maj Asanble Jeneral LONU.

Lèzetazini gen entansyon prezante yon rezolisyon pou otorize misyon miltinasyonal la ak Kenya a la tèt li, osito ke semèn pwochèn.

Pandansetan, Sekretè Deta Antony Blinken anonse Vandredi, ke Lèzetazini dispoze yon lòt $100 million asistans pou polis nasyonal Ayiti.

Valerio Saint-Louis, Jeanty Augustin Jr. ak Gary Altidor kontribye a repotaj sa a depi Nouyok, Matiado Vilme ak Renan Toussaint kontribye depi Potoprens.