Trump Tounen Premye Prezidan Ameriken nan Listwa ki Pran Foto nan Prizon Antanke Enkilpe

Ex-Prezidan Donald Trump pale ak jounalis yo anvan li pati kite ayewopo Atlanta a, 24 Out, 2023.

Ex-Prezidan Trump rann tèt li bay otorite yo nan prizon Atlanta a kote li te oblije poze pou yon foto "mug shot" (foto lapolis pran de tout akize lè yo arete yo). Lajistis eta Joji akize Trump dèske li te konplote pou ranvèse rezilta eleksyon 2020 an nan eta sa a, ki se yon bagay ilegal.

Foto "mugshot" lapolis Konte Fulton nan de ex-Prezidan Donald Trump apre yon Gran Juri enkilpe li ak 18 akolit pou koken nan eleksyon prezidansyel 2020 an, 24 Out, 2023.

Pa tankou enkilpasyon li nan 2 lot ka, Atlanta fè listwa: se premye fwa yon ansyen Prezidan Ameriken pran yon foto nan prizon antanke enkilpe. Nan foto a misye te fè grimas devan kamera a.

Lajistis te enkilpe Trump ansanm ak 18 akolit semèn pase a, pou patisipasyon yo nan yo kokenn chenn konplo pou ranvèse viktwa Demokrat Joe Biden te ranpote nan eleksyon prezidansyèl la epi kenbe Trump sou pouvwa a.

Pwokirè Konte Fulton nan te tanmen pwosesis kriminèl la kont Trump depi mwad Mas la, lè misye te tounen premye ex-prezidan nan listwa Etazini ke la jistis janm enkilpe. Li gen 4 enkilpasyon kap peze sou do l pa rapo ak koken nan eleksyon 2020 an.