Accessibility links

Breaking News

8 Kandida a la Prezidans Repibliken Boukante Pawòl Byen Kalkile nan Premye Deba yo


Foto Achiv: Kandida a la Prezidans yo pandan premye deba yo nan Milwaukee, Wisconsin, 23 Out, 2023.
Foto Achiv: Kandida a la Prezidans yo pandan premye deba yo nan Milwaukee, Wisconsin, 23 Out, 2023.

8 Repibliken ki vle moute prezidan Etazini te pataje yon sèn ayè mèkredi swa nan Wisconsin pou premye deba pati a anvan eleksyon ane ki ap vini an.

Deba a ki pase sou televizyon, premye deba ke Repibliken yo fè pou eleksyon sa a, te gen boukantay pawòl byen kalkile sou sa ke youn nan moderatè yo rele “elefan ki pa nan sal la” – an palan kandida ki devan nan kous pati a, ansyen presidan Donald Trump, ki deside ke li tèlman devan tout moun nan sondaj ke li pa bezwen prezante sou sèn nan.

Kèk nan kandida yo, tankou ansyen vis-prezidan sou Trump, Mike Pence, ak ansyen Gouvènè New Jersey Chris Christie, deklare Trump diskalifye pou prezidan ankò akoz sa yo rele mank respè pou Konstitisyon an, ansanm ak 91 akizasyon tribinal ki sou do li.

Trump gen pou li rann tèt li pou arestasyon kote yo pwal anrejistre non li nan yon prizon Atlanta, nan eta Jòji, jedi, nan kad 4èm seri akizasyon ofisyèl kont li, ki konsène rakèt ak konfyolo nan eleksyon 2020 an ak efò pou ranvèse defèt li nan eta sa a ki nan sid peyi a.

Ansyen gouvènè Kawolin di Nò Nikki Haley deklare “Trump se politisyen ki plis diskalifye nan Etazini. Nou paka genyen yon eleksyon general ak li.”

Sepandan, novis politik Vivek Ramaswamy, ki ap moute nan sondaj, te kanpe bò kote ansyen prezidan Trump, kote li te di “sete meyè prezidan nan 21èm syèk la.”

XS
SM
MD
LG