Accessibility links

Breaking News

Trump di ke li Pral Rann Tèt li Jedi nan Atlanta


Georgia Election Investigation
Georgia Election Investigation

Ansyen Prezidan Donald Trump di ke li pral rann tèt li bay otorite yo nan Georgia Jedi pou fè fas ak akizasyon ki sou do li kòmkwa li te nan konplo pou ranvèse ilegalman defèt li nan eleksyon 2020 an.

Trump te ekri sou rezo medya sosyal li lendi swa: "Èske ou ka kwè li? Mwen pral Atlanta, Georgia, Jedi pou yo ARETE M. Kèk èdtan anvan sa, avoka li te negosye pou li peye yon kosyon $ 200,000.

Biwo Sherif Awondisman Fulton di nan yon nòt pou laprès ke lè Trump rann tèt li, yo pral "fèmen" tout zòn ki antoure prensipal prizon awondisman an.

XS
SM
MD
LG