Panama: Ansyen Prezidan Martinelli Jwenn Kondanasyon ak Santans 11 Ane Prizon pou Blanchiman Lajan

FILE - Panama's ex-President Ricardo Martinelli, shown here in Panama City, Aug. 9, 2019, was sentenced July 18, 2023, for money laundering.

Ansyen prezidan Panama Ricardo Martinelli, ki te gen entansyon ale nan eleksyon pou prezidan an 2024, jwenn kondanasyon prèske 11 ane prizon pou blanchiman lajan, dapre yon desizyon ke tribinal pran kont li madi.

Lajistis di Martinelli ki gen 71 an, ki te prezidan nan ane 2009 pou rive 2014, li anba akizasyon ke li te fè wout kwochi ak lajan leta pou achte yon majorite aksyon nan yon mezon edisyon, Editora Panama America, an 2010.

Dapre akizasyon yo, Martinelli ak plizyè lòt moun te itilize yon seri konpayi ki te travay anba chal pou transfere prèske 44 milyon dola soti nan fon yon kontra enfrastrikti leta pandan prezidans li.

Li demanti akizasyon yo plizyè fwa, kote li di li viktim pèsekisyon politik pou anpeche l kandida nan eleksyon prezidansyèl la.

Dapre desizyon an ki pote dat 17 jiyè, Martinelli gen pou li al fè 128 mwa prizon ak pou li peye yon amann 19 milyon dola.