Accessibility links

Breaking News

Panama-Jistis: Akizasyon Koripsyon sou Do Ansyen Prezidan Ricardo Martinelli.


Ansyen Prezidan Ricardo Martinelli nan yon rankont ak laprès nan peyi Guatemala nan dat 28 janvye 2015. (Foto achiv).
Ansyen Prezidan Ricardo Martinelli nan yon rankont ak laprès nan peyi Guatemala nan dat 28 janvye 2015. (Foto achiv).

Nan peyi Panama, kou siprèm nan pase lòd pou yo arete e mete nan prizon ansyen prezidan Ricardo Martinelli poutèt li te swadizan fè espyonaj ilegalman sou plizyè santèn advèsè.

Misye Martinelli, ki se yon gwo milti-milyonè, tonbe anba akizasyon dèske li ta entèsepte kominikasyon 150 moun pou piti -kidonk li te fè koute konvèsasyon telefonik moun sa yo oubyen li te fè li mesaj SMS yo pandan prezidans li a, swa ant ane 2009 e 2014. Ansyen lidè panameyen an ap fè fas tou ak kèk lòt akizasyon ki gen rapò ak prezidans li a –pami yo genyen detounman lajan leta. Otorite yo retire iminite li kòm chèf yon pati politik.

Misye Martinelli, ki gen 63 zan, rejte tout akizasyon sa yo nan yon lèt li te pibliye sou entènèt la nan kòmansman mwa a kote li di li se viktim pèsekisyon politik prezidan ki vini apre l la ap mennen kont li. Sou prezidans Martinellli a, Panama te konnen yon gwo devlopman ekonomik kote anpil envestisman te fèt nan domèn enfrastrikti a.

XS
SM
MD
LG