Accessibility links

Breaking News

Etazini entèdi Ansyen prezidan Panama a antre sou teritwa li pou "koripsyon"


Panama President Juan Carlos Varela Rodríguez poses for photographers before a conference on the Panama invest in Hong Kong, Tuesday, April 2, 2019. Panama President Varela says his country sees 'big opportunity' in China's 'belt and road' infrastructure
Panama President Juan Carlos Varela Rodríguez poses for photographers before a conference on the Panama invest in Hong Kong, Tuesday, April 2, 2019. Panama President Varela says his country sees 'big opportunity' in China's 'belt and road' infrastructure

Etazini mete entèdi pou ansyen prezidan Panama, Juan Carlos Varela, pa mete pye sou teritwa li e li akize Varela kòmkwa li ta patisipe nan anpil koripsyon", dapre sa chèf diplomasi Ameriken an anonse nan yon nòt pou laprès.

"Kòm vis-prezidan (2009-2014), epi prezidan (2014-2019), Varela te resevwa lajan anba tab pou gouvènman an ka akòde kèk kontra”, se pawol Antony Blinken nan yon kominike.

Misye Varela reyaji sou Twitter. "Mwen te yon prezidan onèt nan yon peyi ki respekte tèt li e ki souveren, mwen pral fè tout sa ki nesesè pou defann onè mwen ak onè fanmi mwen," se sa li di sou kont rezo sosyal li.

Lajistis ap pouswiv depi ane pase Juan Carlos Varela ak prezidan ki te anvan li a nan Panama, Ricardo Martinelli, pou yon swadizan lavaj lajan, koripsyon ak lajan ke yo ta resevwa anba tab nan men konpayi konstriksyon brezilyen Odebrecht.

Dapre lajistis nan Panama, Martinelli ak Varela te swadizan resevwa lajan nan men Odebrecht atravè kont ke konpayi an te gen lòt bò dlo, nan yon eskandal ki te afekte tou lòt lidè Amerik Latin yo.

Pati Juan Carlos Varela a anba akizasyon ke li te resevwa 10 milyon dola nan men Odebrecht. Men Varela di li inosan.

XS
SM
MD
LG