Trump Sipoze Konparèt Devan Tribinal nan Nouyòk Madi

Manm medya a tann bo kote yon machin polis devan Tribinal Kriminel Manhattan nan, jou kote ex-Prezidan Donald Trump gen pou konparet devan yon jij pou tande akizasyon ofisyel lajistis lanse kont li, 4 Avril 2023.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump sipoze rann tèt li bay otorite yo jodi Madi a epi tande akizasyon ofisyèl lajistis lanse kont li nan yon tribinal nan vil Nouyòk. Se premye fwa lajistis Ameriken janm enkilpe yon lidè aktyèl oubyen ansyen lidè peyi a.

Avoka Trump yo di misye pral plede non koupab ak akizasyon ki gen pou wè ak $130,000 dola li te peye yon aktris film porno anba tab pou silans li, nan moman li tap postile pou prezidans la an 2016. Trump pat vle pou Stormy Daniels pale piblikman sou relasyon seksyèl yo te genyen 10 zan anvan sa. Trump te toujou demanti akizasyon an.

Ex-Prezidan Donald Trump rive nan Trump Tower apre yon gran juri nan Manhattan enkilpe li nan Nouyok, 3 Avril 2023.

Ansyen prezidan an te vwayaje Lendi soti lakay li nan eta Florid pou l al Nouyòk siti.

Avoka Trump yo te mande otorite yo entèdi kamera andedan tribinal la Madi. Nan yon lèt yo voye bay tribinal la Lendi yo te di kouvèti laprès ak kamera ta
agrave yon anbyans ki deja tankou yon sirk pa rapo ak ka sa a.

Otorite ki familye ak akizasyon yo di yon gran juri te deside enkilpe ex- prezidan an ki gen 76 zan pou plis pase 30 krim. Akizasyon yo toujou sekrè, kidonk nou pa konnen detay yo ni ki prèv ki apiye akizasyon sa yo. Yo taka rete sekrè jiskaske tribinal la anonse yo piblikman pandan odisyon Trump devan Jij Manuel Merchan nan Kou Siprèm Nouyòk la.

Your browser doesn’t support HTML5

Avoka Ayisyen Marie Peirera Esplike Ka Kont Ex-Prezidan Donald Trump

Lè yo arete li, gen anpil chans pou yo pran enprent Trump menm jan yo konn fè pou sitwayen sivil yo akize pou krim epi pran foto li. Sepandan, otorite yo di pa respè pou le fèt ke misye se yon ansyen prezidan, yo papral menote li, ni parade li devan fotograf yo.

Kounyela a plizyè douzèn polisye gonfle tou pre bilding Trump la - Trump Tower epi tribinal la. Sèvis Sekrè kap veye Trump yo deja planifye wout li pral pran pou ale nan tribinal la.

Lamezonblanch derefize fè komantè sou aranjman sekirite yo men yo di gouvènman an "toujou pare" pou nempot kisa ki taka dewoule.

Foto Achiv: Majistra vil Nouyok Eric Adams.

Nouvo Majistra vil Nouyok Eric Adams k'ap tann tren souteren kap mennen'l nan Otel de Vil la premye jounen travay li nan Nouyok, Samdi 1 Janv. 2022.

Majistra Nouyòk la, Eric Adams lanse avètisman bay sa li rele "rabble-rousers" savledi machann dezagreman ki anvizaje debake Nouyòk. Li di pinga yo fè dezòd.

Lapolis monte barikad nan lari pou kontwole trafik la ozalantou tribinal la.