Accessibility links

Breaking News

Ex Prezidan Trump Rive Nouyòk


Ansyen Prezidan Donald Trump salye patizan li yo nan moman li rive nan Trump Tower nan Nouyok, 3 Avril 2023.
Ansyen Prezidan Donald Trump salye patizan li yo nan moman li rive nan Trump Tower nan Nouyok, 3 Avril 2023.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump rive Nouyòk apremidi a. Li kite eta Florid kote li rete kounyea pou l al Nouyòk kote li gen entansyon dòmi nan rezidans li nan Trump Tower epi Madi maten, li va rann tèt li bay lajistis, ki akize l pou krim. Trump se premye prezidan (aktyèl ou ansyen) Ameriken ke la jistis janm enkilpe.

Li poko klè kisak pral pase lè Trump konparèt devan tribinal la. Sepandan avoka li di li pral plede non koupab ak tout fòs li. Akizasyon kriminèl yo gen rapò ak $130,000 lajan anba tab misye te peye yon aktris film pòrno pou anpeche li pale de liyezon seksyèl yo te genyen nan moman li tap postile pou prezidans la an 2016. Trump demanti akizasyon sa a depi lontan.

Otorite ki ranseye sou akiziasyon yo di yon gran juri te deside enkilpe ex-prezidan an, ki gen 76 zan semèn pase a, e ke gen plis pase 30 chef akizasyon kap peze kont li.

Ansyen Prezidan Donald Trump ak konseye li yo epi avoka li yo debake avyon li, Lendi 3 Avril 2023.
Ansyen Prezidan Donald Trump ak konseye li yo epi avoka li yo debake avyon li, Lendi 3 Avril 2023.

Dokiman legal la toujou sekrè, kidonk akizasyon presi yo ak prèv lajistis genyen, taka rete sekrè jiskaske yo devwale yo piblikman pandan odisyon Trump devan Jij Juan Merchan Madi, devan Kou Siprèm eta Nouyòk la.

Lè la jistis akize li ofisyèlman, yo va pran anprent Trump menm jan yo konn fè pou lòt akize nan pwosè kriminèl, epi yo va pran foto li. Sepandan otorite yo di pa respè pou le fèt ke li se yon ansyen prezidan Etazini, pa gen anpil chans pou yo menote l ni trennen li devan fotograf pou yo sa ameriken yo rele "perp walk".

Pandansetan gen anpil kestyon ki poko gen repons: Eske yo pral li tout akizasyon yo devan tribinal la" Eske kamera yo - swa fotograv oubyen kamera televizyon - ap jwenn pemisyon pou yo prezan andedan tribinal la jan yo mande pou fè sa? Eske manifestan yo sa sa ki apiye Trump oubyen sa yo ki fache ak avoka gouvènman Alvin Bragg akoz akizasyon sa yo ap kapab rasanble tou pre tribinal la? Si gen manifestasyon vreman vre, èske yo pral dewoule nan lapè?

Jounalis VOA Ken Bredemeier ekri vesyon original repotaj sa a an Angle

XS
SM
MD
LG