Accessibility links

Breaking News

Donald Trump pa Premye Ansyen Prezidan ki Fè Fas ak Pwoblèm Legal


Trump Case
Trump Case

NEW YORK (AP) — Donald Trump se pa premye prezidan, kit se lè li sou fòtèy boure a, kit se apre li fin kite l, ki gen pwoblèm ak lajitis. Nan lane 1974, Richard Nixon te fè fas ak yon pakèt akizasyon posib pou swadizan move zak li te fè an koneksyon avèk dosye sa yo rele Watergate la.

Prezidan Gerald Ford te padone Nixon kèk semèn apre Nixon te demisyone.

Lisans Bill Clinton nan Arkansas pou pratike dwa te sispann pou senk ane nan kad yon antant li te fè ak pwosekitè yo an 2001, nan fen dezyèm manda li, akoz li te bay manti sou sèman sou relasyon li te genyen ak estajyè nan Mezon Blanch Monica Lewinsky.

Kèk istoryen ap poze kesyon sou sa ki ta pwal rive Prezidan Warren Harding si li pat mouri sou pouvwa a an 1923, paske anpil otorite ki te ankoure li te anba envestigasyon.

XS
SM
MD
LG