Frans : Karim Benzema pran Retrèt li nan Seleksyon Nasyonal la

Jwe Franse Karim Ben Zema pandan antrenman ekip la nan Qatar, 17 Nov. 2022.

Entènasyonal fransè k ap jwe nan Real Madrid ann Espay, Karim Benzema, te afiche yon mesaj sou rezo sosyal li kote li fè konnen li pran retrèt li nan ekip nasyonal Lafransèz la , yon jou apre Lafrans pèdi final Mondyal FIFA nan Katar devan Ajantin.

Apre li te ranpòte pri Balon Dò a kòm pi bon pami pibon nan lemond pou ane a, rèv Benzema te genyen pou l ranpòte yon lòt mondyal te fini mwa pase a anvan dewoulman Mondyal Katar la akoz yon chòk nan kwis gòch li te pran pandan antrenman.

Benzema ki gen 35 kan te poste yon foto ak inifòm ekip fransèz la a moun te ka li mesaj sa a : "Mwen te fè efò e mwen komèt erè tou pou m te ka rive kote mwen ye jodi a , e mwen fyè de li! Mwen ekri istwa mwen, epi istwa pa nou an ap fini."