Kèk Evènman Ki te Make Semèn Nan

Collages News Event Week of July 17 to July 23

Larisi: Lavrov Deklare Moskou Vle Pran Kontwòl Plis Tèritwa Toujou an Plis Donbas

Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, fè konnen mèkredi Moskou vle mete men sou tèritwa ki nan pati sid Ikrèn an plis rejyon Donbas la, kote l ap goumen aktyèlman ak twoup militè ikrenyen yo pou kontwòl rejyon an.

SEE ALSO: Larisi: Lavrov Deklare Moskou Vle Pran Kontwòl Plis Tèritwa Toujou an Plis Donbas

Biden Teste Pozitif pou Covid-19

Prezidan Joe Biden teste pozitiv pou COVID-19. Nouvèl la souliyen jan kowonaviris la finn enfiltre sosyete Amerikèn nan.

SEE ALSO: Mezon Blanch: Biden Teste Pozitif pou COVID-19

Yon Tiyo Gaz Risi-Ewòp Relouvri, Men Gen Ensètitid

Gaz natirèl rekòmanse koule nan yon tiyo prensipal ki konekte La Risi ak Ewòp apre li te fèmen pandan 10 jou pou reparasyon.

SEE ALSO: Yon Tiyo Gaz Risi-Ewòp Relouvri, Men Gen Ensètitid

Yon Jij Meksiken Bloke Ekstradisyon Trafikan Dwog Quintero Ozetazini

Meksik pap ekstrade tou swit Ozetazini, trafikan dwog Rafael Caro Quintero, ke la jistis te mete anba kod Vandredi nan nodwes Meksik. Yo akize misye nan toupizi ak asasina yon ajan DEA (Drug Enforcement Agency - ajans anti dwog Etazini) an 1985.

SEE ALSO: Yon Jij Meksiken Bloke Ekstradisyon Trafikan Dwog Quintero Ozetazini

Sri Lanka: Ranil Wickremesinghe Eli Prezidan

Nan Sri Lanka, prezidan pwovizwa Ranil Wickremesinghe pase nan eleksyon kòm nouvo lidè peyi a apre dechoukaj ansyen Prezidan Gotabaya Rajapaksa nan yon revòlt popilè.

SEE ALSO: Wickremesinghe Pase nan Eleksyon kòm Nouvo Lidè Peyi

Etazini: Fiziyad Nan Yon Sant Dacha Nan Indiana

3 moun mouri anba bal e 2 lòt blese yè swa nan yon sant dacha nan eta Indiana apre yon mesye ak yon fizi te ouvè kout zam nan yon gran sal kote moun manje e yon sivil ame tire l e touye l frèt, se sa lapolis anonse.

SEE ALSO: Etazini: Fiziyad Nan Yon Sant Dacha Nan Indiana

PNH Anonse yon Nouvo Arestasyon an Koneksyon ak Sezi Zam nan Pò a

Lapolis Nasyonal Ayiti anonse sou kont Facebook li, arestasyon Lovenie Louis Jean an koneksyon ak ankèt lap mennen sou yon sezi zam ak minisyon nan po Potoprens la 14 Jiyè pase.

SEE ALSO: PNH Anonse yon Nouvo Arestasyon an Koneksyon ak Sezi Zam nan Pò a

Depatman Defans Etazini Preske Jwenn yon Antant Pou Achte 375 Djèt konba F-35

Depatman Defans Etazini preske jwenn yon antant ak Lockheed Martin Corp pou achte apeprè 375 djèt konba F-35 pandan 3 lane, dapre sa 3 sous fè konnen ayè lendi a, pandan moun ap atann yon ogmantasyon sou pri modèl pi òdinè djèt sa a paske pa genyen anpil nan yo e akoz enflasyon.

SEE ALSO: Depatman Defans Etazini Preske Jwenn yon Antant Pou Achte 375 Djèt konba F-35