Accessibility links

Breaking News

Larisi: Lavrov Deklare Moskou Vle Pran Kontwòl Plis Tèritwa Toujou an Plis Donbas


Sergey lavrov
Sergey lavrov

Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, fè konnen mèkredi Moskou vle mete men sou tèritwa ki nan pati sid Ikrèn an plis rejyon Donbas la, kote l ap goumen aktyèlman ak twoup militè ikrenyen yo pou kontwòl rejyon an.

Larisi te echwe nan premye faz ofansiv li lanse depi 5 mwa pou l ranvèse gouvènman Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, oubyen sezi kapital la, Kyèv, ki nan pati nò peyi a.

Sepandan, nan yon nouvo entèvyou Lavrov bay medya leta ris la, li deklare Larisi pa santi li oblije konsantre konba yo nan rejyon Donbas la, kote separais ris yo ap goumen ak fòs militè Ikrèn yo depi 2014 lè Larisi te pran kontwòl Prèskil Krime a.

Sa pa gen lontan Larisi te pran kontwòl pwovens Louhask la epi l ap goumen kounyela a pou l mete men totalman sou pwovens Donetsk, ki vwazen ak Louhansk. Sepandan, Lavrov di medya leta a, Televizyon RT, ak ajans nouvèl RIA Novosti:

“Kounyela a jewografi a chanje. Se pa Donetsk ak Louhansk; se Kherson, Zaporizhia ak plizyè lòt tèritwa. Pwosesis la ap kontinye avèk konsistans e pèsistans.”

Toujou konsènan Ikrèn ak Larisi, pòtpawòl Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby, fè laprès konnen madi ke sèvis sekrè ameriken fè konnen Larisi ap “poze baz pou l anekse tèritwa ikrenyen ki anba kontwòl li yo, sa ki reprezante yon vyolasyon soverènte Ikrèn.”

Se konsa tou, li bay Kongrè ameriken an konsèy pou l ratifye estati Fenland ak Laswèd kòm nouvo manm LOTAN paske, dapre li, administrasyon Biden nan ta renmen wè 2 peyi sa yo “antre nan alyans la osito posib.”

XS
SM
MD
LG