Accessibility links

Breaking News

Yon Tiyo Gaz Risi-Ewòp Relouvri, Men Gen Ensètitid


Soley la leve deye enstalasyon Nord Stream 1 an nan Lubmin, Almay, Jedi 21 Jiye, 2022.
Soley la leve deye enstalasyon Nord Stream 1 an nan Lubmin, Almay, Jedi 21 Jiye, 2022.

Gaz natirèl rekòmanse koule nan yon tiyo prensipal ki konekte La Risi ak Ewòp apre li te fèmen pandan 10 jou pou reparasyon.

Sepandan kantite gaz ki soti ladann te bokou mwens pase kantite maksimòm li konn transpòte e sa soulve anpil kesyon.

Ewòp ap fè fas ak posibilite pou sezon ivè a rèd anpil, e gen ensètitid konsènan pwovizyon gaz Ris la.

Livrezon gaz la atravè tiyo Nord Stream 1 an ki sitye anba lanmè Balt la e ki konekte La Risi ak Almay te reprann a 40% kapasite li. Se menm nivo li te ye pandan plizyè semèn anvan reparasyon anyèl yo.

Gouvènman Almay la anonse li pral ogmante jefò pou stoke gaz epi pran plis mezi pou konsève gaz.

Komisyon Ewopeyen an te pwopoze semèn sa a pou 27 peyi manm yo redwi konsomasyon gaz yo pa 15% pandan mwa kap vini yo.

XS
SM
MD
LG