Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Ameriken Rankontre Gouvènman Meksiken an pou Diskite sou Pakèt Migran ki Rive sou Fwontyè a


Fanmi Aguilar Bastida a ki se moun Venezyela, chita devan legliz Santa Cruz y La Soledad la, kote yon paket migran ap viv nan tant nan Meksiko Siti, 26 Desanm, 2023.
Fanmi Aguilar Bastida a ki se moun Venezyela, chita devan legliz Santa Cruz y La Soledad la, kote yon paket migran ap viv nan tant nan Meksiko Siti, 26 Desanm, 2023.

Yon delegasyon wo plase gouvènman Ameriken an rankontre Prezidan Meksiken an pou diskite sou pakèt migran kap rive sou fwontyè sidwès Etazini an.

Prezidan Meksiken Andres Manuel Lopez Obrador deklare li dako pou ede limite kantite migran kap atenn fwontyè a menm jan li te fè sa anvan.

Sepandan, misye di li ta renmen wè pwogrè nan relasyon ant Etazini ak Kiba epi Venezyela, ki se 2 peyi prensipal kote migran yo soti.

Lopez Obrador di li ta renmen tou pou Etazini bay rejyon an plis asistans pou devlopman.

Delegasyon Ameriken an gen nan tèt li, Sekretè Deta Antony Blinken.

XS
SM
MD
LG