Accessibility links

Breaking News

Palman Kore di Sid Adopte yon Entèdiksyon Istorik Kont Pwodiksyon, Lavant Vyann Chen


Militan kap defann dwa bet yo manifeste devan Asanble Nasyonal la nan vil Seoul, Kore di Sid pou montre apui yo pou lwa ki entedi lavant vyann chen, 9 Janvye 2024.
Militan kap defann dwa bet yo manifeste devan Asanble Nasyonal la nan vil Seoul, Kore di Sid pou montre apui yo pou lwa ki entedi lavant vyann chen, 9 Janvye 2024.

Palman Kore di Sid la adopte yon entèdiksyon istorik kont pwodiksyon ak lavant vyann chen, nan moman piblik la ap mande de plizanpli pou peyi a sispann fè bagay sa yo paske sa vyole dwa bèt yo epi lage vèni sou imaj entènasyonal peyi a.

Plizyè kiltivatè chen ki vekse a mò deklare yo pral defye konstitusyonalite entèdiksyon an epi pwoteste.

Lwa a ta rann elvaj, touye epi lavann vyann chen pou konsomasyon imen ilegal apati ane 2027 la epi pini moun ki vyole lwa a pou yo pase 2-3 zan nan prizon.

Lwa a pa penalize moun ki manje vyann chen.

Pi fò moun nan Kore di Sid kwè peyi a ta dwe entèdi lavant vyann chen e majorite Sid Koreyen yo pa manje vyann chen ankò.

XS
SM
MD
LG