Accessibility links

Breaking News

25 Jwèz Sa yo Pral Defann Ayiti nan Mondyal Medam yo


Lis 25 jwes ki pral defann Ayiti nan Kou di Mond Medam yo ki pral dewoule nan Ostrali ak Nouvel Zeland nan mwad Jiye a.
Lis 25 jwes ki pral defann Ayiti nan Kou di Mond Medam yo ki pral dewoule nan Ostrali ak Nouvel Zeland nan mwad Jiye a.

Anviwon yon mwa anvan komansman koupdimonn medam yo, antrenè seleksyon Ayiti a, Nicolas Delepine, mete yon lis 25 jwez ki pral defann koulè peyi a nan mondyal medam yo ki gen pou fèt nan peyi Australi ak Nouvel Zéland soti 20 jiyè pou rive 20 Aout 2023.

Fèt foubòl la pra l bèl pandan sezon vakans estival la kote 32 peyi, pami yo Ayiti, pral twoke kòn yo pou tit chanpyon an.

Ayiti, ki pral patisipe pou premye fwa nan istwa l nan yon mondyal fanm, ap ka konte sou trezò li an, Melchie Daelle Dumornay, ki sot fè yon gwo sezon nan peti Lafrans kote li make 11 gòl epi fè 5 pas desizif pou ede ekip Stade de Reims lan.

Dumornay ki sot ranpòte pri "Revelation de l'année" nan chanpyona fransè a, se youn nan foutbolez anpil moun ap tann nan mondyal la e se youn nan jwez Ayiti ki bay anpil defansè pwoblèm gras ak talan li.

Bò kote Melchie Dumornay, antrenè a rele Nerilia Mondesir, kapitèn Grenadyè yo pou pote touch pa l nan ekip sa a, ki genyen tou Batcheba Louis ak Roselord Borgella nan pwent atak la.

Yon ekip Ayiti ki konsève preske menm jwez ki te ede ekip la jwenn kalifikasyon l pou mondyal la nan mwa fevriye ki sot pase la a, kote Ayiti te met do Chili atè (2-1) gras a yon dekabès de Melchie Dumornay.

Bitez la ki te an vakans nan peyi Etazini, kite kay Tonton Sam pou l al rejwenn rasanbleman Grenadyè yo nan yon estaj nan peyi Laswis pou prepare mondyal la.

Pandan estaj sa, ki ap divize an twa pati, Ayiti ap jwe 3 match amikal pou ede medam yo rete anfòm pou yo ka byen reprezante Ayiti nan koupdimond lan.

Ayiti ap jwen yon match kont peyi Malt jou ki ap 1 jiyè a. Apre sa Grenadye yo ap gen pou batay ak Kore di Sid jou ki ap 8 jiyè. Match sa li ap fèt lakay azyatik yo. Dènye match amikal la ap jwe nan lakou Australi kont yon seleksyon ki gen pou patisipe nan mondyal la.

XS
SM
MD
LG