Accessibility links

Breaking News

Gabriel Attal Tounen Premye Minis Lafrans ki Pi Jèn epi Omoseksyèl


Foto Achiv: Gabriel Attal devan Pale Elysee a nan Paris, 11 Me 2022.
Foto Achiv: Gabriel Attal devan Pale Elysee a nan Paris, 11 Me 2022.

Gabriel Attal jwenn nominasyon kòm premye minis Lafrans ki pi jèn nan moman Prezidan Emmanuel Macron ap chache rekòmanse a nouvo pandan ekstrèm dwat la ap ba li anpil presyon.

Attal, ki gen 34 an, se premye premye minis Lafrans ki se yon gason makomè tou.

Predesesè li demisyonnen Lendi akoz gwo pale anpil ki te genyen sou yon lwa imigrasyon ki ranfòse kapasite gouvènman Franse a pou l depòte etranje.

Macron pral fòme yon nouvo gouvènman nan jou kap vini yo.

Macron adopte mezi ki pi dwatis sou kestyon tankou sekirite ak migrasyon, nan moman rival ekstrèm dwat li a, Marine Le Pen, ap jwi plis enfliyans politik.

XS
SM
MD
LG