Accessibility links

Breaking News

Atak Etazuni Vize Manm Eta Islamik la Nan Afghanistan


2 milite ameriken ap verifye sekirite a ozalantou avyon C130 Hercules kap evakye moun soti Afghanistan, 25 Out, 2021.
2 milite ameriken ap verifye sekirite a ozalantou avyon C130 Hercules kap evakye moun soti Afghanistan, 25 Out, 2021.

Jan Prezidan Joe Biden te semante pou fe'l, Etazuni atake Eta Islamik la nan Afghanistan pou reponn kif kif atak li te lanse tou pre ayewopo Kaboul la jedi, ki te lakoz 169 Afghan ak 13 milite AMeriken pedi lavi yo.

Eta Islamik la te admet se limenm ki lanse atak sa a.

Yon deklarasyon Komandman Santral Milite Etazuni fe paret di Lezetazuni frape neg ki planifye atak pou Eta Islamik la ak yon drone nan pwovens ki rele Nangarhar nan es peyi a. Atak ak drone nan fet nan aswe, le lokal, dapre deklarasyon an.

Komandman Santral la fe konnen tou, premye endikasyon yo apre atak la montre ke misye mouri.

Prezidan Biden te semante pou'l frape Eta Islamik la di kom revanj pou atak Jedi a. "Nou pral jwenn ou kelkeswa kote ou ye e nou pral fe'w peye konsekans yo,"Prezidan Biden te deklare.

Etazini lanse atak ayeryen kont gwoup eta Islamik ISIS-K a ann Afganistan Vandredi 27 Out la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:54 0:00

XS
SM
MD
LG