Accessibility links

Breaking News

Afghanistan: 'Nou Pap Janm Padone'w, Nou Pap Janm Bliye' Biden Semante Apre Atak Ayewopo Kaboul la


Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou Afghanistan nan Chanm Es Mezon Blanch la nan Washington, 26 Out, 2021.
Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou Afghanistan nan Chanm Es Mezon Blanch la nan Washington, 26 Out, 2021.

Prezidan Joe Biden Pwomet Jedi pou'l pousuiv san gade deye teworis Eta Islamik ak neg ak zam ki responsab pou atak ak bonm suisid ki fet Jedi tou pre ayewopo Kaboul la, kote de milye moun te rasanble ak espwa yo tapral kapab kite peyi Afghanistan, ke militan Taleban yo kontwole kounyea.

Atak ak bonm suisid yo fet pi bone nan jounen an, nan 2 sit ki sitye sou perimet ayewopo entenasyonal Hamid Karzi la tou pre antre ki rele Abbey Gate epi yon otel nan zon nan.

Omwens 60 Afghan ak 12 solda Ameriken mouri, dapre responsab Etazuni ak Afghanistan. Gen omwens 143 lot ki blese, dapre ajans nouvel Associated Press.

GADE: Videyo jounalis VOA nan Kaboul anrejistre jodia

Yon anbulans rive lopital ak moun ki blese nan atak sou ayewopo Kaboul la nan peyi Afghanistan, 26 Out, 2021.
Yon anbulans rive lopital ak moun ki blese nan atak sou ayewopo Kaboul la nan peyi Afghanistan, 26 Out, 2021.


Jeneral Ameriken Frank McKenzie ki se Chef Komandman Santral Etazuni deklare pandan yon konferans pou la pres li bay nan Pantagon nan apremidi a ke gen 11 Merinn ak yon dokte fos Naval la ki mouri epi 15 lot milite Ameriken ki blese. Li di kout zam te marye apre atak ak bonm yo.

Pi ta nan jounen Jedi a, Eta Islamik la te admet se limenm ki konplote atak la. Li anonse sa sou pa l'entemedye ajans nouvel li sou Telegram. Nasyonzuni ak L'OTAN kondane atak sa yo, menm jan ak pot pawol Taleban an, Zabihullah Mujahid.

Nan diskou nasyonal li fe sou kestyon an, Prezidan Biden semante pou'l fini evaksyasyon yo epi pousuiv san gade deye, responsab yo.

"Pou sa yo ki komet atak sa a, ansanm ak nempot ki moun kap chache blese Lezetazuni men sa'm gen pou'm di nou: Nou pap janm padone'w. Nou pap janm bliye. Nou pral pousuiv ou kelkeswa kote ou kache e fe'w peye konsekans yo," Biden deklare depi Chanm Es Mezon Blanch la.

'Nou Pap Janm Padone'w' Biden Menase Teworis ki Atake Ayewopo Kaboul la
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:20 0:00


Biden ajoute evakyasyon yo pral kontinye.

Jeneral McKenzie kote sa prezidan an di.

"Nou pral egzekite premye misyon nou ki se evakye otan sitwayen soti Afghanistan," misye deklare pandan konferans de pres li a.

XS
SM
MD
LG