Ann Ayiti: Yon manm Sena a rejte lide kèk depite lanse pou 2 chanm yo ta transfòme ann Asanble Konstityant pandan peryòd 18 mwa aplikasyon Lwadijans la.
Senatè Yvon Michelet fè konnen li pa pataje lidè kèk depite avanse pou yo ta transfòme 2 chanm yo ann Asanble Konstityant pandan 18 mwa Lwadijans la. Selon senatè a, se yon lide ki pa bon ditou paske okenn senatè serye pap aksepte pou li pèdi pòs li pou li tounen manm yon asanble konsa.
Senatè Michelet fè konnen yo gen lide retounen ak yon veritab "consensus" nan peyi a, men li menm li pa dakò ak lide sa a.
NB: Koute repòj Rotchild Francois Jr. sou tèm sa a sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a.