Accessibility links

 
Pè Calixte Hillaire: Sityasyon an Diffisil Pou Reskape Tranblemann'tè a
Breaking News

Pè Calixte Hillaire: Sityasyon an Diffisil Pou Reskape Tranblemann'tè a


<!-- IMAGE -->


Katastwòf natirèl Ayiti viv nan mwa janvye 2010 la lage plis pase yon milyon reskape nan kouri e, san di pètèt, trajedi sa a kreye yon twomatism lakay yo ki pral difisil pou yo simonte. Pè katolik e sikològ ayisyen, Calixte Hillaire, fè yon evalyasyon sitiyasyon viktim yo.

"Bagay sa a li pa gen mo," pè Calixte di nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik. "Lè yon moun frape nan yon tranblemann' tè li dezekilibre. Premye faktè a (ou konn tande yo di'w pou yon moun santi'l byen fò 2 pye'w sou tè) tranbleman de tè a fè pye'w pa sou tè. Premye reyaksyon moun nan genyen se kouri.

Depi yon tranbleman de tè ap pase -- ke se oumenm ke se mwenmenm -- ou gen tandans kouri, alòske evenman sa a pa ba'w tan pou kouri. Pou moun kap viv sityasyon sa a se yon gwo bagay."

NB: Koute Pè Hillaire nan yon konvèsasyon li genyen ak Serge Rodriguez sou enpak sikolojik trajedi 12 janvye a sou reskape yo.

XS
SM
MD
LG