Accessibility links

 
Preval Mande Ed Kominote Entènasyonal la Pou Oganizasyon Pwochen Eleksyon yo
Breaking News

Preval Mande Ed Kominote Entènasyonal la Pou Oganizasyon Pwochen Eleksyon yo


<!-- IMAGE -->


Prezidan aysiyen an, René Préval, ki sòt patisipe nan Somè CARICOM nan nan peyi Brezil, mande kominote entènasyonal la ede l òganize eleksyon jeneral nan peyi Dayiti nan fen ane sa a.

Prezidan Preval antre nan Pòtoprens, kapital Ayiti, lendi apremidi apre plis ke 48 tè nan peyi etranje kote li t al Brezil pou l patisipe nan somè CARICOM nan. Sitiyasyon an ann Ayiti sete youn nan tèm delege yo te abòde nan rankont rejyonal sa a kote reprezantan diferan peyi nan Amerik di Sid avèk CARICOM (nasyon nan karayib la) fè chita-tande, antwòt, sou fason pou yo voye èd bay Ayiti pou rekonstriksyon peyi a apre tranblemandetè 12 janvye pase a.

Pandan sejou prezidan ayisyen an o Brezil, li te pwofite pou li mande soutyen peyi CARICOM yo avèk peyi Amerik di Sid la yo pou Ayiti kapab òganize bon jan eleksyon anvan fen ane 2010 la, pou garanti yon tranzisyon demokratik. Prezidan Rene Preval retounen Ayiti san l pa fè deklarasyon bay laprès; men sous ki pwòch palè nasyonal la nan Pòtoprens konfime retou chèf deta a.

Kesyon eleksyon an kontinye fè aktyalite nan peyi Dayiti semèn sa a puiske pati politik yo --sitou sa ki nan opozisyon an-- di yo pa pare pou yo ale nan eleksyon, paske yo panse sitiyasyon ki prezante jounen jodiya nan peyi a pa pèmèt kondisyon ki nesesè yo reyini pou yon bon jan vòt dewoule. Lidè anpil nan pati poltyik sa yo akize gouvènman an (pouvwa an plas la) deske li gen kontwòl sou Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP).


XS
SM
MD
LG