Se prezidan dominiken an menm, Luis Abinader, ki te fè anons sila a devan palman an.
Ak desizyon sa a, Repiblik Dominikèn pral kapab pouswiv manm gang sa yo anba lalwa dominiken, si toutfwa yo retwouve yo sou teritwa l.
Daprè lwa nan peyi vwazen an, yon moun ki kondane pou teworis kapab pase anpil tan nan prizon.
Abinader di li regrèt Fòs miltinasyonal la pa resevwa soutyen li ta dwe resevwa pou konbat ensekirite a.
Li lonje dwèt tou sou kominote entènasyonal la li di ki montre yon dezenterè ak yon enkapasite pou kanpekin devan trajedi sila a.