Avèk nouvo album li an "Time to shine", entèprèt "Demantibile m" lan "Shine" nan seremoni Trace Awards yo ki te reyini plizyè dizèn atis ki soti nan anviwon 30 peyi.
Kenny Haiti, ranpòte pri "Best atist diaspora in the Caribean" (An kreyòl : Pi bon atis diaspora nan karayib la) sou yon pakèt atis antiyè, tankou Mathieu White (Gwadloup), Shenseea (Jamayik) elatriye.
Ak nouvo pri enpòtan nan karyè li kòm atis, Kenny Haiti imite chantez ayisyèn nan, Rutshelle Guillaume, ki te pran pri sa nan ane 2023. Kenny Ayiti se 2èm atis ayisyen ki pran bèl distenksyon sa.