Apre vizit li nan Vatikan, kote l te chita pale ak Pap François, Leslie Voltaire debake nan peyi Lafrans, ayè madi a, pou l kontinye yon vire won ann Ewòp.
Chèf KPT a nan tèt yon delegasyon ki gen ladan l minis Afè etranjè a, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste.
Nan yon nòt pou laprès, biwo prezidans la fè konnen Leslie Voltaire gen pou li rankontre prezidan fransè a, Emmanuel Macron, nan "Elysée" pandan vizit li a nan peyi Lafrans.
Nan kad vizit sila a, Achitèk la gen pou l chita pale tou avèk Louise Mushikiwabo, ki se Sekretè jeneral Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni, pou yo pale sou wòl Ayiti nan mitan peyi ki pale franse yo.
Prezidan KPT a prevwa tou rankontre ak diaspora ayisyen nan peyi Lafrans.