Accessibility links

Breaking News

Lidè Ameriken, Fransè, Alman ak Britanik ap Rankontre Vandredi


DDAY-ANNIVERSARY/INTERNATIONAL CEREMONY
DDAY-ANNIVERSARY/INTERNATIONAL CEREMONY

Mezon Blanch anonse Mèkredi a prezidan Ameriken Joe Biden pral rankontre nan Berlin Vandredi ak tokay fransè li Emmanuel Macron, Chanselye Alman an Olaf Scholz epi Premye Minis Britanik Keir Starmer pandan yon vizit ki konsantre sou Ikrèn.

Pandan vwayaj transatlantik yon jou sa a, nan mitan kanpay elektoral nan peyi Etazini, Joe Biden pral rankontre tou nan tèt a tèt ak Olaf Scholz, daprè pwogram vizit prezidansyèl sa a Lamezon Blanch transmèt.

XS
SM
MD
LG