Accessibility links

Breaking News

Etazini di Izrayel Fòk li Ogmante Asistans Imanite pou Moun Gaza yo


Foto Achiv: Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken
Foto Achiv: Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken

Administrasyon Biden nan lanse avètisman by Israel pou di fòk li ogmante kantite asistans imanitè lap kite antre Gaza nan pwochen 30 jou yo si li pa vle riske pèdi aksè ak finansman pou zam Ameriken.

Sekretè d Eta Antony linken ak Sekretè Defans Lloyd Austin avèti tokay Izrayelyen yo sou sa nan yon lèt Dimanch. Yo di fòk chanjman sa yo fèt.

Pòt pawòl Depatman Deta a Matthew Miller deklare Madi ke yon lèt konsa Blinken te voye bay otorite Izrayelyen yo nan mwad Avril la te debouche sou plis asistans pou teritwa Palestinyen an.

Sepandan sa pa dire.

Miller di 2 lidè yo te vle di klèman pou Izrayèl konprann ke fòk li fè chanjman ankò, epi ogmante kantite asistans kap antre a, ki pou kounyea nan nivo ki "trè, trè ba."

XS
SM
MD
LG