Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Bay Otorite Ameriken yo Garanti, li P ap Frape Sit Nikleyè Oubyen Sit Petwòl Iranyen yo


Biden Netanyahu
Biden Netanyahu

WASHINGTON (AP) — Otorite ameriken yo di administrasyon Biden kwè ke li jwenn garanti nan men Izrayèl, ke yo pa pral atake sit nikleyè oswa sit petwòl Iranyen yo pandan li pral tire revanj apre Iran te fè atak misil nan kòmansman mwa sa a sou Izrayèl.

Ofisyèl yo, ki te pale san yo pa t vle non yo site, pandan yo t ap diskite sou kesyon diplomatik prive, yo te avèti angajman an pa yon bagay san fay, sikonstans yo ka chanje nenpòt moman.

Ofisyèl yo te fè remake Izrayèl toujou nan woule m de bò nan sa ki konsène respekte ak bay garanti li ap respekte sa li di yo.

Biwo Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu te di "nou koute opinyon Etazini yo, men nou pral pran desizyon final nou ki baze sou enterè nasyonal nou yo."

XS
SM
MD
LG