Accessibility links

Breaking News

Manm Fanmi Kennedy a Patisipe nan Fineray Ethel Kennedy


Manm fanmi Kennedy a te rasanble Lendi pou fineray Ethel Kennedy, ki se madanm Senatè Robert F. Kennedy.

Madan Kennedy mouri Jedi pase a a laj 96 zan. Lantèman Lendi a te prive, e li te dewoule nan legliz katolik Notre Dam de la Viktwa nan Centerville, Massachusetts.

Fanmi ak zanmi te rasanble pou swete Ethel Kennedy adye. Li te mouri ak konplikasyon yon atak kadyak li te sibi pi bonè nan mwad Oktob la.

Madan Kennedy te elve 11 timoun koup la apre mari li te mouri asasinen, e li te dedye vi l pou defann koz sosyal ak eritaj fanmi Kennedy a.

Prezidan Joe Biden di li se yon ikon Ameriken.

XS
SM
MD
LG