Accessibility links

Breaking News

Trump Vle Lolo Konpayi Etranje pou yo Vinn Fè Biznis Ozetazini


Kandida prezidansyel pati repibliken an ansyen Prezidan Donald Trump danse apre li finn pale nan yon miting politik nan Indiana, Pensilvani, 23 Sept. 2024.
Kandida prezidansyel pati repibliken an ansyen Prezidan Donald Trump danse apre li finn pale nan yon miting politik nan Indiana, Pensilvani, 23 Sept. 2024.

Donald Trump gen yon nouvo ide pou lolo konpayi etranje yo pou yo vinn Ozetazini ak yon òf pou akse ak teren federal.

Pandan yon vizit nan eta Jòji Madi, Ansyen prezidan an ki se kandida prezidansyel pati Repibliken an pral devwale sa li dekri tankou "pwomosyon pou konpayi etranje yo" pou bay sekte endistriyel la jaret.

Jiska kounyea, Trump ankadre apwòch ekonomik li ak mezi pou pini konpayi ki mennen aktivite yo lòt bo dlo pou ekonomize lajan.

Li pa kle si konpayi etranje yo ta atire pap kek nan ensantiv sa yo ke li di li pral adopte si li re-eli prezidan.

Ex prezidan an pat gen anpil sikse nan zafe atire envestisman etranje le li te chef deta.

XS
SM
MD
LG