Accessibility links

Breaking News

Rapè BTS Suga Prezante Eskiz li Apre li te Kondui yon Scooter Elektrik Pandan l te Sou


Atis gwoup BTS Suga asiste yon match NBA ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks, 12 Janvye 2023.
Atis gwoup BTS Suga asiste yon match NBA ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks, 12 Janvye 2023.

Suga, yon manm gwoup K-Pop popilè BTS la prezante eskiz li Mèkredi poutèt li te kondui yon scooter elektrik pandan l te sou.

Ensidan an rive Madi swa lè Suga te kndui yon scooter elektrik pou l al lakay li apre li te finn konsome alkol pandan yon dine. Se sa vedèt K-pop l aesplike nan yon deklarasyon li pibliye sou Weverse, ki se yon platfom an liy pou fanatik yo.

Dapre nouvèl yo stasyon polis Yongsan nan nan vil Seoul bay misye yon kontravansyon paske li vyole lwa sikilasyon woutyè a. Pot pawol stasyon polis la pa reponn demann Associated Press fè pou komantè.

Nan mesaj li, ki ekri nan lang Koreyen, Suga di: " Se ak yon kè lou ke mwen prezante nou eskiz sensè mwen paske mwen desevwa nou ak ensidan regretab sa a. Mwen te kwè ke distans la te kout e mwen pat reyalize ke mwen pat gen pèmisyon pou m kondui scooter elektrik la pandan m te sou, mwen vyole lwa sikilasyon woutyè a. "

Konpayi mizik BTS la, Big Hit Music, konfime ensidan an. Konpay a deklare ke Suga te tonbe pandan li tap pake scooter la e sa te lakoz lapolis te teste alèn ni epi revoke li sans li ak enpoze yon amann.

Big Hit Music prezante eskiz li tou: "Misye pral aksepte nempot ki mezi disiplinè divizyon militè kote lap travay li vle enpoze poutèt aksyon li, ki soulve pale anpil nan mitan sosyete a, nan moman ke lap travay kom yon anplwaye sèvis sosyal."

XS
SM
MD
LG