Accessibility links

Breaking News

Depatman Sekirite Nasyonal Anonse Li Kanpe Pwovizwaman Otorizasyon Vwayaj Nan Kad Pwogram Pawòl Imanitè a


Yon pòtpawòl Depatman Sekirite Nasyonal Etazini (Department of Homeland Security, DHS) konfime pou VOA nan yon email, ke Etazini ap "kanpe pwovizwaman distribisyon otorizasyon vwayaj avanse pou nouvo benefisye pwogram Pawol Imanitè yo ann atandan li revize aplikasyon sipòte yo."

DHS fè konnen li pral reprann pwosesis egzaminasyon aplikasyon yo "pi vit posib, apre li vinn pran mezi apwopriye pou sovgade pwosesis la."

Pòtpawòl DHS la di ajans la pran desizyon sa a pa mezi prekosyon.

DHS di li gen mekanism an plas pou revize, detekte epi anpeche fwod ak abi nan pwosesis imigrasyon Etazini yo.

"DHS pran nempòt ki abi pwosesis li yo trèz o serye," nòt DHS la fè konnen.

Li ajoute: " Le nou idantifye fwod, Sèvis Imigrasyon ak Ranfòsman La Dwann ICE, mennen ankèt epi trennen devan la jistis responsab yo epi voye dosye kriminèl bay Depatman Jistis la (si nesesè)."

Dapre DHS, benefisye pwogram pawol imanitè yo sibi revizyon konplè anvan yo jwenn pèmisyon pou vwayaje Etazini.

Pwosesis revizyon an gen divès nivo ladann, anvan pou yon moun resevwa apwobasyon e li separe ak revizyon DHS fè pou sipotè kap viv Ozetazini yo.

DHS fè konnen li pa idantifye okenn kestyon konsènan pa rapo ak revizyon benefisyè yo.

Depatman sekirite nasyonal gen yon branch ki rele Direktora Sekirite Nasyonal ak Deteksyon Fwod ke li te tabli an 2010 pou asire ke li ka detekte rapidman epi reponn fwod kap fèt nan pwogram imanitè li yo.

Nap raple ke pwogram Pawòl Imanitè a, ke anpil Ayisyen rele "Pwogram Biden nan", se yon benefis DHS ofri pou moun ki soti nan peyi: Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela - epi pwòch yo. Se yon fason pou yo mande pou yo vini Ozetazini yon fason ki sekirize epi òdone. Benefisye ki kalifye pou pwogram nan dwe genyen: yon moun ki ka sipòte yo kap viv Ozetazini, fòk yo sibi pwosesis revizyon ak sekirite DHS la, fòk yo reponn tout kritè elijibilite yo, epi merite pou Etazini konsidere yo pou pwogram sila a.

Nòt DHS bay VOA pa di lap kanpe pwogram Pawòl Imanite a nèt.

XS
SM
MD
LG