Accessibility links

Breaking News

Mayorkas Anonse Pwolongasyon, Redeziyasyon TPS pou Ayiti


Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas, pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch, 24 Sept. 2021.
Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas, pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch, 24 Sept. 2021.

Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Alejandro Mayorkas anonse jodi Vandredi 28 Jyen an, yon ekstansyon ak redeziyasyon Stati Pwoteje Tanporè a (TPS) pou Ayiti. Ekstansyon an se pou 18 mwa soti depi 4 Out 2024 pou rive 3 Fevriye 2026.

Mayorkas site kom rezon pou ekstansyon an - "sityasyon ekstraodinè ak pwovizwa ki egziste an Ayiti. Gouvènman an pibliye anons la sou rezo ofisyèl ki rele Federal Register la - kote yo bay enfomasyon sou kijan pou enskri pou TPS antanke nouvo abone oubyen yon benefisye aktyèl dapre ekstansyon ak redeziyasyon an.

Haitian Bridge Alliance, yon oganizasyon non-gouvenmantal ki gen baz li nan San Diego Kalifoni e ki travay pou ede migran kap chache antre Ozetazini, bat bravo pou desizyon administrasyon Biden nan.

Nan yon not pou lapres yo voye bay VOA, Haitian Bridge Alliance di:"desizyon sa a bay dè milye Ayisyen kap chache refij Ozetazini yon gwo soulajman ke yo bezwen anpil epi stabilite. Nou remèsye patnè nou, militan yo, manm Kongrè ak lot responsab eli ki gen enpak sou manm kominote nou an e ki te mande administrasyon an adopte mezi esansyèl sa a.

Direktris Haitian Bridge Alliance, Guerline Jozef, fè remake migran Ayisyen ki elijib pou TPS yo kontribye yon afè de $31 milya ola nan ekonomi Etazini. Guerline Jozef di benefisye TPS Ayisyen yo te kontribye $4,4 milya dola nan ekonomi Amerikèn nan an 2022.

Sepandan Guerline Jozef di TPS se yon mezi tanporè donk li lanse apèl bay Kongrè a pou l adopte refom konpreyansiv nan lwa imigrasyon yo ki ta kreye yon chimen pou pwoteje tout benefisye TPS yo yon fason pèmanan.



*Nou va ajoute plis detay talè konsa, kontinye tcheke

*Korespondan sekirite nasyonal VOA Jeff Seldin, epi jounalis VOA Kreyol Jean Robert Philippe kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG