Accessibility links

Breaking News

Biden di Lap 'Pase Flanbo a' nan Yon Diskou Nasyonal Depi Biwo Oval la


Election 2024 Biden
Election 2024 Biden

Prezidan Joe Biden deklare Mèkredi li deside rale ko l nan kous prezidansyèl la kont Donald Trump akoz kè sote li genyen pou avni peyi Etazini. Se premye komantè piblik li fè depi anons li pibliye Dimanch pou fè konnen li kite kous la.

Nan yon diskou li pwononse nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Biden envoke prezidan ki te vini anvan yo - Thomas Jefferson, George Washington ak Abraham Lincoln pandan li dekri amou li pou biwo ke li pral kite nan 6 mwa, epi klotire prèske yon demi syèk kom fonksyonè leta.

"Mwen revere biwo sa a," Biden deklare. "Men m renmen peyi mwen plis."

Biden Esplike Poukisa Li Bay Kous Prezidansyèl la Vag
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:44 0:00

Biden, 81 an, te repouse presyon Demokrat yo te mete sou pli pandan plizyè semèn apre deba tèt chaje li te genyen ak Donald Trump 27 Jyen pase a. Li te di ke sèlman "Gran Mèt la" te ka konvenk li pou l bay vag. Li te pase plizyè jou ap reflechi epi agonize sou rezilta sondaj ki montre li taka pèdi fas ak Trump nan mwad Novanm lan epi koze konpatriyot Demokrat li yo pou yo pèdi kous pa yo tou.

Biden di: "Mwen deside pi bon fason pou pouse pou pi devan se pase flanbo a bay yon nouvo jenerasyon. Se pi bon fason pou inifye peyi nou."

Biden pale pandan 11 minit. Li fè referans plizyè fwa a danje li kwè ki poze pou Ameriken si Trump ranpote eleksyon 5 Novanm nan, san li pa site non Trump dirèkteman.

Li di depa li nan kous prezidansyèl la va ede geri blese Pati Demokrat yo epi inifye Demokrat yo anba objektif genyen eleksyon an.

"Anyen paka anpeche nou sove demokrasi nou an. Ladann gen anbisyon pèsonèl," Biden deklare.

Li ajoute: "Pi bèl bagay ki genyen Ozetazini se ke wa ak diktatè pa reye. Se pèp la ki dirije. Pouvwa a nan men nou. Ide Etazini an - chita nan pla men w."

XS
SM
MD
LG