Accessibility links

Breaking News

Lidè Repibliken yo Mande Kòlèg yo pou yo Evite Atak Rasis ak Sèksis Kont Harris


Day 2 of the Republican National Convention in Milwaukee, Wisconsin
Day 2 of the Republican National Convention in Milwaukee, Wisconsin

WASHINGTON (AP) — Lidè Repibliken yo avèti manm pati yo pou yo pa sèvi ak atak rasis ak sèksis kont Vis Prezidan Kamala Harris, pandan yo menm ak ekip kanpay ansyen Prezidan Donald Trump la ap goumen pou yo adapte yo ak reyalite kote se Harris ki nouvo rival Demokrat la mwenske 4 mwa anvan Jou Eleksyon an.

Depite Repibliken yo te gen yon reyinyon pòt fèmen Madi a, kote Prezidan Komite Nasyonal Repibliken an nan Kongrè a, Richard Hudson, te ekzòte palmantè yo pou yo pito kritike Harris pou wòl li nan politik administrasyon Biden-Harris la.

Prezidan Chanm Depite a Mike Johnson te di repòtè yo apre reyinyon an: "Eleksyon sa a pral sou ajenda politik, pa sou pèsonalite".

XS
SM
MD
LG