Accessibility links

Breaking News

Senatè New Jersey Bob Menendez Pral Demisyonnen Apre Kondanasyon li pou Koripsyon


Senate Bob Menendez (Demokrat New Jerze) kite tribinal federal Nouyok la, 16 Jiye, 2024.
Senate Bob Menendez (Demokrat New Jerze) kite tribinal federal Nouyok la, 16 Jiye, 2024.

Senatè Ameriken Bob Menendez ki reprezante eta New Jèrze nan Kongrè a di li pral demisyonnen 20 Out kap vini an, apre kondanasyon li nan tribinal pou lajan li te aksepte anba tab. Lajistis akize l dèske li te aji tankou yon ajan pou gouvènman Ejipsyen an.

Nouvèl sa a soti nan yon lèt senatè a voye bay kon kolèg Demokrat, an palan de Gouvènè New Jèrze a, Phil Murphy, Madi.

Demisyon an bay Murphy kapasite pou l nomen yon moun pou ranplase Menendez nan Sena a pou rès manda li, ki va eksprie 3 Janvye.

Lajistis kondane Menendez dèske li te vann pouvwa ak enfliyans pos politik li ak 3 biznisman ki tap chache favè bo kote Etazini.

Menendez ensiste li inosan.

Avoka li pa reponn demann Associated Press fè pou komantè.

XS
SM
MD
LG