Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Etazini nan LONU Anonse $60 Milyon Nouvo Asistans ak Resous pou PNH la Pandan yon Vizit an Ayiti


Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni Linda Thomas Greenfield poze pou yon foto ak manm ekip li a nan fen rankont yo ak Konsey Prezidansyel Tranzisyon an nan Villa d'Acceuil la nan Potoprens, Ayiti, 22 Jiye, 2024.
Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni Linda Thomas Greenfield poze pou yon foto ak manm ekip li a nan fen rankont yo ak Konsey Prezidansyel Tranzisyon an nan Villa d'Acceuil la nan Potoprens, Ayiti, 22 Jiye, 2024.

Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield anonse $60 milyon asistans imanitè adisyonèl pou Ayiti pandan yon vizit li fè nan peyi a Lendi.

Thomas-Greenfield di tou ke Depatman Defans la pral dispoze yon "kantite sibstansyèl" blende ki gen pwoteksyon kont eksplozif pou misyon miltinasyonal Kenya ap dirije pou ede polis nasyonal Ayiti konbat gang ame yo.

Anons la vini prèske yon semèn apre yon dezyèm kontenjan 200 polisye Kenyan te rive an Ayiti, yon mwa apre premye kontenjan 200 solda yo.

Thomas-Greenfield di: "Nou konnen pwogrè a pa dirèk. Ap gen revè ak defi, men misyon sa a louvri pot pou pwogrè ka fèt."

Li di asistans USAID a, ki egal plis pase $165 milyon pou ane fiskal sa a, pral bouche twou vid nan domèn nutrisyon, sekirite alimantè ak abri; amelyore sèvis dlo potab ak asenisman; epi dispoze ase lajan kach pou Ayisyen ka achte pwodui premye nesesite.

Pi bonè Lendi, Thomas-Greenfield te rankontre polis Kenyan yo ak lidè nouvo gouvènman tranzisyon Ayisyen an nan kad yon vizit yon jou pou ankouraje aksyon sou kriz imanitè Ayiti a ak refom politik ki va debouche sou eleksyon demokratik. Poko gen yon dat pou eleksyon sa yo dewoule.

Anbasadris la deklare: "Se pa yon espwa naif men mwen genyen espwa. Jounen sa a an Ayiti te remakab."

Gen anpil sipo entènasyonal pou nouvo gouvènman tranzisyon Ayisyen an ke Premye Minis Garry Conille ap dirije. Misye se yon ansyen espesyalis devlopman LONU ki te monte nan pos sa a nan komansman mwad Jyen an. Pi bonè mwa sa a li te di Konsèy Sekirite Nasyonzini ke polis Kenyan yo ap esansyèl pou ede Ayiti jere gang yo epi pouse pou pi devan nan direksyon eleksyon.

Gang yo ogmante pouvwa yo depi asasina Prezidan Jovenel Moise, 7 Jiye 2021. Yo estime ke yo kontwole 80% kapital la kounyea. Zak vyolans yo enkli vyol ak kidnaping ki te gen kom konsekans mouvman popilè Bwa Kale a - kote manm popilasyon an tap chache dechoule moun yo sispèk kom gang.

Dapre ajans LONU yo gen plis pase 580,000 Ayisyen ki kite kay yo akoz zak vyolans yo. Pliske mwatye nan moun sa yo se timoun. Gen 4 milyon moun kap fè fas ak enskirite alimantè.

Fos miltinasyonal la pral evantyèlman genyen 2,500 pèsonèl ki soti Kenya, Bahamas, Bangladèsh, Barbad, Benin, Tchad ak Jamayik. Yo pral deplwaye an faz. Misyon an pral koute yon afè $600 milyon pa an dapre Konsèy Sekirite LONU.

Etazini kontribye plis pase $300 milyon pou fos la. Yon rezolisyon LONU apiye kreyasyon li.

Polisye Kenyan yo pral fome polis nasyonal Ayiti epi patisipe nan operasyon sekirite konjwen ki poko tanmen dapre sa yon responsab di laprès.

XS
SM
MD
LG