Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Etazini nan LONU, Linda Thomas-Greenfield ap Vizite Ayiti


Minis Afe Etranje Ayisyen Dominique Dupuy, Anbasadris Etazini nan LONU Linda Thomas Greenfield, PM Ayisyen Garry Conille ak Sekrete d Eta adjwen Brian Nichols nan Potoprens, 22 Jiye, 2024.
Minis Afe Etranje Ayisyen Dominique Dupuy, Anbasadris Etazini nan LONU Linda Thomas Greenfield, PM Ayisyen Garry Conille ak Sekrete d Eta adjwen Brian Nichols nan Potoprens, 22 Jiye, 2024.

Anvwaye Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas Greenfield vwayaje Ayiti Lendi, yon mwa apre premye kontenjan polisye Kenyan yo rive nan peyi a nan kad misyon sekirite miltinasyonal ki pral konbat zak vyolans gang yo.

Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield desann yon avyon aviyasyon Etazini apre li rive Potoprens, Ayiti, 22 Jiye, 2024.
Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield desann yon avyon aviyasyon Etazini apre li rive Potoprens, Ayiti, 22 Jiye, 2024.

Anbasadris Thomas-Greenfield pral fè 2 anons enpotan pandan vizit li ki gen kom bi pou apiye jefo pou jere ensekirite a ak ijans imanitè a, dapre sa yon responsab wo plase administrasyon Biden nan di ajans Reuters sou kondisyon pou yo pa site non l.

Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield salye moun apre li rive Potoprens, Ayiti, 22 Jiye, 2024.
Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield salye moun apre li rive Potoprens, Ayiti, 22 Jiye, 2024.

Thomas Greenfield fè chita tande ak konsèy tranzisyon an, dapre yon jounalis kap vwayaje avèl. Anbasadris la di yo te gen yon diskisyon pwoduktiv sou kijan yo ka amelyore sekirite a.

XS
SM
MD
LG