Accessibility links

Breaking News

Larisi Mete Yulia Navalnaïa nan lis Kòm "teworis ak ekstremis"


Germany Russia Election
Germany Russia Election

Larisi mete Yulia Navalnaïa ki ann egzil sou lis teworis ak ekstremis.

Yulia se vèv Alexeï Navalny ki te mouri nan prizon nan Larisi nan mwa Fevriye 2024, yo mete li sou lis la 2 jou apre otorite nan Larisi te mete manda arestasyon dèyè li.

Non Yulia Navalnaïa parèt sou lis sa a ki nan Rosfinmonitoring, ki se sèvis entèlijans finansye ris la, dapre sa AFP anonse Jedi. Lajistis Ris te akize manmzèl Madi kòmkwa li gen "patisipasyon li nan yon gwoup ekstremis".

XS
SM
MD
LG