Accessibility links

Breaking News

Nijè: Lajistis Bay Lòd pou Wetire Iminite Ansyen Prezidan Bazoum


NIGER-UN-DIPLOMACY
NIGER-UN-DIPLOMACY

Tribinal Eta Nijè a bay lòd vandredi 14 jen an pou leve iminite prezidan Mohamed Bazoumke ke militè yo te bay koudeta nan mwa jiyè 2023.

Desisyon tribinal la ap prepare wout pou yon pwosè tribinal kont ansyen prezidan an.

Abdou Dan Galadima, prezidan pi wo tribinal Nijè a, ke rejim militè a te kreye an Novanm 2023 te deklare ke "Tribinal la bay lòd pou leve iminite Mesye Mohamed Bazoum ".

Otorite yo nan Niamey akize prezidan dechi a pou "konplo pou atake sekirite ak otorite Leta a", "krim trayizon", "zak teworis" ak "finansman teworis".

Mohamed Bazoum sou siveyans nan kondisyon ki pa fin klè depi apre koudeta militè yo te bali nan dat 26 jiyè 2023 nan rezidans prezidansyèl la, ak madanm li Hadiza.

Nan fen odyans Vandredi a, Me Ould Salem Mohamed, youn nan avoka Mesye Bazoum a, te deklare "li pran "acte" de desizyon tribinal la" e li endike ke kolektif gwoup avoka ansyen prezidan an ta kominike " sa tousuit".

Yo akize Misye Bazoum kòmkwa li te pale nan telefòn ak prezidan fransè Emmanuel Macron ak Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken pou yo ka sipòte l "atravè entèvansyon ame" pandan koudeta 26 jiyè 2023 la.

Yo akize li tou ke li te "libere teworis epi li te resevwa yo nan prezidans la".

Odyans vandredi a te ranvwaye 2 fwa, avoka Mesye Bazoum yo te denonse plizyè obstak nan dwa defans yo.

An Desanm, Tribinal Jistis Kominote Ekonomik Eta Afrik Lwès yo (CEDEAO) te bay lòd pou lage Mesye Bazoum.

Rekèt CEDEAO la pa janm egzekite epi Nijè te kite gwoup ekonomik la nan mwa janvye, apre yo te sanksyone Nijè apre koudeta a.

XS
SM
MD
LG