Accessibility links

Breaking News

Pentagòn: Twoup Ris al Estasyone nan Yon Baz Militè nan Nijè Ki te Deja Gen Sòlda Ameriken ladann


Niger US Presence
Niger US Presence

Minis Defans Ameriken Lloyd Austin fè konnen jedi 2 Me 2023 ke sòlda Ris al estasyone nan yon baz aeryen nan Nijè, ki deja gen prezans twoup ameriken, e nan mwa ki pase yo Niamey te mande pou Washington wete fòs ameriken yo nan peyi a.

Deplwayman Ris la nan baz aeryen an nan kapital Niamey mete sòlda Ris ak Ameriken yo nan yon sitiyasyon ki ka konplike nan yon moman kote Washington ak Moskou deja nan dezakò sou lagè Larisi nan Ikrèn nan.

Nan yon konferans pou laprès yo te poze Lloyd Austin kesyon sou sitiyasyon an, e li te endike ke deplwaman Ris la pa poze yon « gwo pwoblèm enpòtan sou kesyon pwoteksyon pou fòs nou yo ».

"Air Base 101, kote fòs nou yo ye, se yon baz militè aeryen Nigè ki tou pre ayewopò entènasyonal Nyamey a. Fòs ris yo nan yon lòt bilding epi yo pa gen aksè ak fòs Ameriken yo oswa ekipman nou".

Yo te poze pòtpawòl Kremlin Dmitry Peskov kesyon sou dosye sa, li pa ni konfime ni demanti prezans fòs Ris yo nan baz la, tou senpleman li te endike ke Moskou ap devlope relasyon li ak peyi Afriken yo nan tout domèn, e ladann domèn militè.

Rejim militè Nijè a ki te moute nan yon koudeta 26 jiyè 2023 te denonse nan mwa Mas la yon akò koperasyon militè ke peyi a te genyen ak Etazini, e li te kwè ke se Washington "pou kont li ki te enpoze akò a" e li te deklare prezans Ameriken an kounye a "ilegal".

Nan mitan mwa Avril pase, Washington te dakò pou retire plis pase 1,000 sòlda li yo nan peyi a.

Diskisyon ant Etazini ak Nijè toujou ap kontinye sou jan retrè sa a ap fèt, se sa chèf kòmandman militè Ameriken pou Afrik la te di semèn pase. Etazini gen yon gwo baz dronn toupre Agadez, ki te koute anviwon 100 milyon dola pou bati li.

Apre koudeta ki te ranvèse prezidan eli Mohamed Bazoum, rejim militè a te mande byen vit depa sòlda ki te reprezante ansyen pouvwa kolonyal Lafrans la.

Otorite Nijè yo pwoche peyi a pi pre Larisi, tankou peyi vwazen yo Mali ak Burkina Faso, e tout peyi sa yo se militè ki ap dirije yo.

Nan mwa Avril ankò, enstriktè Ris te rive Niamey pandan otorite peyi a t-ap resevwa yon premye livrezon ekipman militè Ris.

XS
SM
MD
LG